LEKÒL PIBLIK KI GEN SIBVANSYON LETA = BON RANNMAN ELÈV

Lekòl Charter yo se pou tout elèv

Èske ou te konnen lekòl charter yo se lekòl piblik gratis ki ouvri pou tout elèv Vil New York? Jodi a, genyen 274 nan yo k ap sèvi 146,200 elèv ki soti nan tout orijin, ki enkli elèv k ap aprann anglè ak elèv ki gen bezwen espesyal. Lekòl charter yo pa chwazi elèv an fonksyon fòmasyon akademik yo. Paran yo sèlman ranpli yon aplikasyon kout epi elèv yo admi atravè yon seleksyon owaza. Lekòl charter yo sèvi elèv soti nan matènèl rive nan lekòl segondè epi yo sitiye nan toule senk awondisman Vil NY yo.

Charter yo prepare elèv yo pou inivèsite ak karyè

Etid yo montre ke Vil New York gen youn nan sektè lekòl charter ki pi pèfòman nan peyi a. Done ki pi resan ki disponib yo montre elèv lekòl charter yo toujou pase tès akademik eta yo ak mwayèn ki pi wo pase kamarad distri yo, espesyalman elèv Nwa ak Latino yo. Nan ane lekòl 2018-2019 la, plizyè lekòl charter te genyen meyè rezilta atravè eta a!

“Mwen renmen aksè mwen toujou genyen ak pwofesè pitit fi 6 zan mwen an nan lekòl charter li a. Mwen vrèman santi m tankou yon patnè nan edikasyon pitit mwen an – yo toujou akeyi m pou obsève klas yo epi patisipe nan aktivite elèv yo pou rete konekte. ”

- Valerie Babb, ki se yon paran elèv nan Harlem Link Charter School

Lekòl ki Gen Sibvansyon Leta nan 5 gwo divizyon jewografik Nouyòk yo
90
25
94
55
7

Charter yo fè inovasyon!

Lekòl charter yo fonksyone nan fason endepandan pa rapò ak Depatman Edikasyon (Department of Education) Vil NY Sa pèmèt yo pi fleksib nan fason y ap dirije lekòl yo, y ap konsevwa pwogram akademik yo epi y ap anboche anplwaye. Anpil lekòl charter pa sèlman mete aksan sou matyè prensipal anglè ak matematik, men yo ofri pwogram ar, syans ak lang tou. Lekòl charter yo souvan itilize apwoch ki inovan pou aprann, tankou jounen lekòl ki pi long ak yon ane lekòl ki pi long, ki kontribye nan siksè elèv yo nan preparasyon pou inivèsite ak karyè.

Kijan pou aplike – Pa rate dat limit lan!

Peryòd aplikasyon an kòmanse jeneralman soti oktòb jiska 1ye avril, pou enskripsyon nan pwochen sezon otòn nan. Anpil lekòl charter aksepte aplikasyon pandan tout ane a epi y ap alète fanmi ki aplike yo si yon plas vin disponib.

Gen 3 fason fasil pou aplike nan yon lekòl charter:

  1. Ou ka soumèt yon aplikasyon atravè Aplikasyon Lekòl Charter Anliy Komen an (Common Online Charter School Application) kote ou ka aplike nan plizyè lekòl alafwa. Vizite nyccharterschools.schoolmint.net jodi a!
  2. Ou ka vizite sitwèb nenpòt lekòl charter epi aplike anliy oswa telechaje yon aplikasyon papye.
  3. Ou ka vizite lekòl ou vle epi chwazi yon aplikasyon an pèsònn. Vizite
    nyccharterschools.org/school-search pou jwenn lekòl charter nan
    katye w la.

Gen yon kesyon? Bezwen plis enfòmasyon?